Terms of Use

A. Kondisyon Jeneral Itilizasyon Sit la

Dokiman sa a defini règ, obligasyon ak responsabilite ki gouvène itilizasyon platfòm Vodoou.com. Lè ou itilize sit sa a, ou rekonèt ou fin li, konprann, epi ou aksepte tout kondisyon ki ekri anba a.


1. Akseptasyon Kondisyon yo

Lè ou antre sou sit Vodoou.com, ou dakò pou w respekte tout kondisyon itilizasyon ki endike nan dokiman sa a. Si ou pa dakò ak youn oswa plizyè nan kondisyon sa yo, tanpri pa itilize sit la ni okenn nan sèvis li yo.


2. Laj Minimòm Obligatwa

Pou itilize sèvis Vodoou.com, ou dwe gen omwen 18 an. Lè ou itilize sit la, ou deklare epi konfime ke ou gen laj legal ki nesesè pou patisipe nan aktivite ki gen rapò ak jwet lotri, selon lwa peyi kote w ap viv la.


3. Nati Sèvis yo & Responsablite

Vwayan ayisyen ki prezan sou platfòm la bay entèpretasyon ak tiraj lotri New York , enterpretasyon espirityèl, ak fasilitasyon jwèt la pou amatè yo.

Vodoou.com pa bay okenn garanti sou presizyon, rezilta, oswa siksè prediksyon yo. Sit la pa responsab pou okenn pèt finansye, emosyonèl oswa materyèl itilizatè yo ta ka sibi apre yo fin itilize sèvis yo.


4. Peman & Frè Sèvis

Itilizatè a responsab pou peye tout frè ki gen rapò ak itilizasyon sit la, enkli frè sèvis vwayan yo, frè aksè, oswa nenpòt lòt depans ki asosye ak sèvis yo.


5. Respè Lwa

Ou dakò pou w respekte tout lwa lokal, nasyonal ak entènasyonal ki aplikab sou itilizasyon sit la, sou jwèt lotri, ak sou sèvis espirityèl oswa dijital yo.


6. Pwopriyete Entèlektyèl

Tout kontni ki sou Vodoou.com (tèks, imaj, logo, videyo, grafik, estrikti sit la, elatriye) se pwopriyete eksklizif Vodoou.com epi li pwoteje pa lwa sou dwa otè.

Nenpòt kopi, repwodiksyon, distribisyon oswa itilizasyon san otorizasyon ekri se entèdi.


7. Modifikasyon Kondisyon yo

Vodoou.com rezève dwa pou modifye oswa mete ajou kondisyon itilizasyon yo nenpòt ki lè, san avètisman. Itilizatè yo responsab pou tcheke regilyèman dokiman sa a.


8. Sispansyon oswa Rezilyasyon Kont

Nou gen dwa sispann oswa fèmen aksè nenpòt itilizatè, tanporèman oswa definitivman, san avètisman, si nou estime gen vyolasyon règ yo oswa itilizasyon abizif.


9. Limitasyon Responsablite

Anba okenn sikonstans, Vodoou.com pa ka responsab pou domaj dirèk oswa endirèk, pèt finansye, pèt done, oswa nenpòt konsekans ki ta soti nan itilizasyon sit la.


10. Endanmnizasyon

Ou dakò pou pwoteje epi degaje Vodoou.com ansanm ak pwopriyetè li yo, anplwaye yo, ak patnè yo kont tout reklamasyon, pèt, domaj oswa depans legal ki ta soti nan itilizasyon ou fè sou sit la oswa nan vyolasyon kondisyon yo.


11. Aksè nan Gwoup yo

Aksè nan gwoup ki sou sit la rezève eksklizivman pou manm yo, selon nivo balans kont yo.

  • Yon manm gen dwa kite yon gwoup lè li vle.

  • Si manm lan deside retounen nan menm gwoup la, yon frè 350 $ ap debite otomatikman sou kont li sou Wougan.net.


12. Sekirite & Pwoteksyon Enfòmasyon Pèsonèl

Pou sekirite tout itilizatè yo, li fòmèlman entèdi pou pataje oswa mande enfòmasyon pèsonèl tankou:

  • Nimewo telefòn

  • Adrès imel

  • Enfòmasyon bankè

  • Nimewo kat kredi oswa nenpòt lòt done sansib

Nenpòt vyolasyon règleman sa a ka mennen a sispansyon tanporè oswa pèmanan kont itilizatè a.


Lè ou itilize sit sa a, ou konfime ou aksepte tout kondisyon itilizasyon sa yo.
Si ou pa dakò, tanpri pa itilize Vodoou.com.


B. Politik Rembousman Vodoou.com

Nan Vodoou.com, satisfaksyon kliyan nou yo se yon priyorite. Politik sa a esplike kondisyon ak pwosedi ki gouvène demann rembousman.


13. Rembousman pou Tiraj Lotri

Si ou pa satisfè ak yon tiraj lotri,  wougan an oubien manboa dispoze remèt total montan acha a.
Rembousman an ap fèt dirèkteman nan pòtfèy Vodoou ou , konsa wap kapab itilize menm montan kob sa pou eseye lot tiraj,  pafwa Vodoou.com kon'n detemine on period spesifik pou retre lajan soti sou potfey vodoou an pou ale sou kont bank itilizatea. fonksionalite sa aksesib ak moun ki fe plis rechaj sou vodoou nan on ane.

⚠️ Règ sa a aplike sèlman pou tiraj lotri, li pa aplike pou frè abònman.


14. Abònman pa Rembousab

Tout frè abònman sou vodoou  pa ranbousab. Abònman an konsidere kòm yon angajman itilizatè a pran sou yon peryòd.


15. Pwosedi Demann Rembousman

Pou mande yon rembousman:

  1. Kontakte nou atravè paj kontak sit la

  2. Demann lan ap revize

  3. Nou ap enfòme ou sou akseptasyon oswa refi

  4. Si li aksepte, montan an ap kredite otomatikman sou pòtfèy ou


16. Retad oswa Pwoblèm Rembousman

Si ou pa wè rembousman ou a nan delè nòmal la:

  • Verifye pòtfèy vodoou.com ou

  • Si pwoblèm nan pèsiste, kontakte sipò kliyan an


Lè ou fè yon acha sou Wougan.net, ou otomatikman aksepte politik rembousman sa a.

Mèsi pou konfyans ou. Nou rete a dispozisyon ou pou sèvi ou avèk respè ak pwofesyonalis.